
MAARTEN BOUTE
Ko-fondatè ak Direktè Jeneral
Maarten gen plis pase de deseni eksperyans kòm yon lidè nan telekominikasyon ak sèvis konsomatè. Li te pase pifò tan nan karyè li ap devlope pwojè nan lòt sektè aktivite oswa nan mache emèjan yo – pi resamman an Ayiti, kote li te travay depi 2009 kòm PDG apresa prezidan nan Digicel Ayiti, pi gwo founisè telekominikasyon yo nan peyi a. Anplis wòl li nan Digicel, Maarten te ko-fonde tou nan lane 2012 “sûrtab” , pi gwo manifakti nan zafè tablèt elektwonik, nan peyi d’Ayiti.
Distraksyon: Premye travay plen tan Maarten se te bati bato nan yon faktori nan peyi Angletè.
DARRAGH DOLAN
Ko-fondatè ak Chèf Finans
Darragh se yon kontab kalifye ki pwospere nan anviwònman rapid. Li gen anpil eksperyans nan fòme ak ranfòse estrikti òganizasyonèl ak devlope estrateji komèsyal yo. Anvan li te ko-fondatè RE-VOLT, Darragh te travay pou Digicel, sûrtab, ak PricewaterhouseCoopers.
Distraksyon : Darragh se yon ansyen manm nan Ekip Eskalad Ilandè a e li te monte anpil pik nan and yo, alp Ewopeyen yo ak Himalaya.


LUDNER JONET
Kontab
Ludner se yon kontab ki kalifye ki gen plis pase 10 ane eksperyans nan enstitisyon Piblik,prive ak ONG. Anvan li antre nan RE-VOLT, Ludner te travay pou SIONFONDS For Haiti, Ofis Nasyonal Asirans Vyeyès (ONA), Lakwa Wouj Ameriken, ak sûrtab.
Distraksyon: Nan fen semèn li, Ludner renmen ale legliz la avèk fanmi li.
Lòt Manm nan Ekip la
